Succeed Financially and be Debt Free
It is not really how much money you have but how you manage it.
REYISI FINANSYEMAN E VIN SAN DET
Se Pa Vreman Konbye Kob Ou Genyen Men Koman Ou Manaje li
Kontakte Nou Lakay Achte Liv La
Copyright © 2008 www.succeedfinancially.com
All Rights Reserved
Roldimy Montinar
Liv La Byenveni
Succeed Financially and be Debt Free ISBN: 0-7414-2024-4 By Roldimy Montinar
It is not really how much money you have, But how you manage it.

Mwen kapab di ke se rev anpil nan nou pou
nou reyisi finansyeman nan la vi nou e pou nou
vin gen plis kob. Ebyen apre anpil ane de
rechech e etid, liv sa arive ekri. Liv sa a gen
anplis repons sou anpil keyson finansye nou.
Li pa pran anpil tan pou tonbe nan det men li
ka pran anpil ane pou soti ladann. Se sa ki fe
ke ou sipose konnen ki sa pou ou fe e koman
pou kontrole e manaje lajan ou. Li vreman fe
mal pou we koman anpil moun ap aproche tou
det, yo kontinye ap fouye tou sa a jiskaske yo
fin fel two fon e two laj. E gen de fwa, yap fe sa
san ke yo pa menm konnen e san yo pa menm
panse ak konsekans lap pote pou yo demen.
Le yo vin finalman reyalize sa, li konn two ta.
Mwen ekri liv sa a pou tout moun, si tou pou
moun kap viv nan peyi etranje yo. Mwen kwe
ke lajan pat fet pou depanse selman men pou
itilize li nan yon fason pou li fe ou vin gen plis
kob de jou an jou. Men sa kapab fet selman
nan fason ke ou manaje kob ou. Si ou vle
depanse tout sa ou genyen. Ou gen chans pou
toujou nan demand e sa ap lage ou nan det.
Men si ou vle itilize kob ou genyen e envistil
nan fason poul ka vin plis kob demen, nan
fason poul ogmante de jou an jou, pi plis kob
ou genyen se pi plis kob ou vle ogmantel pou li
vin ye, ebyen ou nan chemen pou reyisi
finansyeman. Se jan ou itilize kob ou kap di
koman wap vin ye demen. Ou vle depanse
mwens e okonomize plis. Ou vle itilize kob ou
nan fason poul pote plis kob ba ou demen. E
mwen konnen, depanse tout sa ou genyen
chaj kou li antre nan menw se pa youn nan
fason kap ede ou reyisi finansyeman. Mwen
vle met yon limye nan kote ki gen fe nwa pou
ou kapab we poukisa ou nan det si ou nan det
e koman ou kapab fe pou retire tet ou ladann.
E si ou pat ladann, koman ou kapab fe e
koman ou kapab itilize kob ou pou pa janm
tonbe ladann.
Mwen vle met yon limye nan kote ki gen fe nwa
pou ou kapab we poukisa ou nan det si ou nan
det e koman ou kapab fe pou retire tet ou
ladann. E si ou pat ladann, koman ou kapab fe
e koman ou kapab itilize kob ou pou pa janm
tonbe ladann.
Se jan ou itilize kob ou kap di koman wap vin ye
demen. Ou vle depanse mwens e okonomize plis.
Ou vle itilize kob ou nan fason poul pote plis kob ba
ou demen. E mwen konnen, depanse tout sa ou
genyen chaj kou li antre nan menw se pa youn nan
fason kap ede ou reyisi finansyeman. Mwen vle met
yon limye nan kote ki gen fe nwa pou ou kapab we
poukisa ou nan det si ou nan det e koman ou kapab
fe pou retire tet ou ladann. E si ou pat ladann, koman
ou kapab fe e koman ou kapab itilize kob ou pou pa
janm tonbe ladann.
Men se jan ou itilize kob ou ki sous pwoblem nan. Si
ou manaje kob ou byen, ou toujou ap chanje fon
fason legal pou fe kob ou vin pi plis, ebyen ou nan
ban chemen. Men si ou ap itilize kob ou nan fason
pou li vin pi piti chaj jou, eben ou ta vle fe yon kanpe,
reflechi, paske ou ka pa nan bon chemen pou vin
reyisi finansyeman demen. Mwen vle eklasi ere sa
yo e se youn nan rezon ki fe mwen ekri liv sa a.
Ou pap janm ka kontrole tet ou finansyeman, si ou
pa konn koman pou manaje lajan ou avek sikse. Ou
ka pap janm reyisi finansyeman si ou pa konn
koman pou kontrole lajan ou e itize nan avantaj ou e
pou benefis ou.
Youn nan rezon ki fe anpil moun pa ka reyisi
finansyeman se paske yo depanse plis ke yo
genyen. Plis kob you genyen se plis kob you vle
depanse. Yo kenbe abitid sa a jiskake yo pa gen
kob anko e le kob you fini, eski ou konn si sa yo fe?
Yal mande bank prete, pou yo ka depanse plis anko.
Yo rarman panse avek ogmante sa yo genyen men
depanse tout. Yap di ou ke you rayi investi kob e an
menm tan yap depanse kob nan bagay ke yo pa
menm bezwen.
EBYEN TOUT BAGAY SA YOU AVEK ANPIL LOT
ANKO, ANKOURAJE E ENSPIREM POUM EKRI LIV SA
A.
Roldimy Montinar
soti nan vil SEN MAK, Ayiti
Le fe etid li nan:
Lekok Freres Herve nan Sen Mak, Ayiti
Lycee Stenio-Vincent nan Sen Mak, Ayiti
University Of Phoenix nan Eta Zini
Liberty University nan Eta Zini.