



| SUCCEEDCENTER ●Com |
| . |
| REYISI FINANSYEMAN E VIN SAN DET ISBN: 0-7414-2024-4 " Se pa vrѐman konbyen kob ou genyen, men koman ou manaje li." |
| Liv sa a ap montre kòman pou reyisi finansyѐman e ede ou vin san dѐt. Lap montre ou kòman pou itilize lajan ou nan yon fason kap pi bon pou ou, nan yon fason ki pou benefisye ou, nan yon fason pou lajan ou travay di pou ou, nan yon fason pou lajan ou mennen ou plis lajan, nan yon fason pou lajan ou travay nan avantaj ou. Pi plis lajan ou depanse, se mwens lajan ou genyen. Men pi plis lajan ke ou ekonomize, se pi plis lajan ou genyen. Eske ou ta renmen depanse tout sa ou genyen pou pa gen anyen demen, oubyen ou ta vle ogmante sa ou genyen? Ebyen achte liv paw la jodiya menm pou ka aprann kòman. Pa kite twò ta bare ou. Gen anpil fanmi kap lite pou pitit yo chak jou men yo pa ka voye yo nan kolѐj. Gen anpil moun kap viv nan dѐt chak jou. Gen anpil moun ki te gen anpil kòb men yo pѐdi tout paske yo pa konn kòman pou yo manajel byen. Lѐ yon moun pa konprann kòman pou li manaje kòb li byen, sa ka lage li nan dѐt e nan mande pwete. Le sa vin rive sou zye li konn twò ta pou korije erѐ sa a. Se yon abitid ki pase de jenerasyon a jenerasyon. Kѐlkeswa kantite kòb ou genyen an, fò ou konnen kòman pou manaje li byen, oubyen ou ka pѐdi tout. |
| ON NASYON SAN KRIM ISBN: 0-7414-5329-0 "Rezonman lojik ka diferan de sa ki legal." |
| Krim ap fѐt chaj jou dan le mond. Nenpòt moun ka vyole lwa kriminѐl la on fason ou on lòt. Menm lѐ gen yon sistѐm an plas pou pwasekite e pini moun ki vyole lwa kriminѐl la, sa pa ka sispann enpe moun fѐ zak kriminѐl. Menm le sistѐm nan bay gwo penalite, gwo sentens e gwo pinisyon pou moun ki vyole lwa kriminѐl la, anpil moun kontinye ap fѐ krim. Sa fѐ anpil nan nou mande, Eski gen yon bagay chak nan nou ka fѐ pou nou ede avѐk prevansyon zak kriminѐl? Ann wѐ kòman nou ka fѐ sa. Liv sa a gen anpil repons pou ou. Sòt de bagay sa yo fѐ nou reflechi anpil e banou anpil tѐt chanje, Ebyen gras a liv sa a, kounyѐya nou ka gen solisyon e repons a pwoblѐm sa yo. Pa tann li twò ta pou chache konnen. Tout bagay sa yo ban a panse e a reflechi e sa ankourajem ekri liv yo. |
| Ann Wѐ Kòman Nou Ka Fѐ Sa |
| Pa Kite Twò Ta Bare Ou |
| Roldimy Montinar Soti nan Vil Sen Mak an Ayiti Edikasyon - Etid Sen Mak, Ayiti ● L'école Frère Hervé (elemantѐ) ● Le Lycée Stenio Vincent (lise)
|
| LIV YO DISPONIB AKTYELMAN NAN LANG ANGLE MEN NAP TRAVAY NAN TRADIKSYON FRANSE E KREYOL YO. TRE PROCHENMAN YAP DISPONIB NAN LANG FRANSE E KREYOL TOU. |
| Ann We Koman Nou Ka Fe Sa |
| BAY TOUT FANMI E ZANMI OU BON NOUVEL LA. Achte liv paw la jodiya e ankouraje tout zanmi, vwazen ak fanmi ou pou fe menm jan. |